An Nou Fè Egalite Vanse ak Diskriminasyon Kaba
Diskriminasyon nan zafè lojman, nan zafè travay, ak nan espas piblik, se yon bagay ki ilegal nan vil New York.
Konpreyansyon Lòt Kilti, Mwayen pou Rezidan yo Lite yon Rayisman, ak Edikasyon Moun New York yo sou Dwa ak Responsabilite yo, se Kle pou Anpeche Diskriminasyon.
Enfòmasyon sou Komisyon sou Dwa Moun Vil New York la
Depi plis pase 80 lane, Komisyon an ap lite pou yon vil san diskriminasyon, kote tout moun New York ka rete, travay, ak pwospere nan diyite. Travay nou soti nan nesesite okipe pwoblèm tansyon ak eka rasyal yo - yon travay ki rete santral jouk jounen jodi a.
Se nan divèsite fòs vil nou an soti. Anlonnè diferans nou yo, Komisyon an sèvi ak lwa, edikasyon, ak angajman kominotè pou tout moun nan vil nou an ka fè yon sèl, menm nan moman pi difisil nou yo. Komisyon an ap travay pou fè egalite vin poto mitan lavi kotidyen tout moun New York, baze sou yon varyete istwa ak eksperyans kominote n ap sèvi yo viv.
Pou soutni dwa fondamantal tout moun New York, Komisyon an pran angajman:
- Trase wout lajistis pou moun ki viktim diskriminasyon, sa k ap pote solisyon endividyèl ak yon chanjman jeneralize nan politik yo gras a pwosè
- Kiltive respè, konpreyansyon ak akseptasyon tout moun, pou evite diskriminasyon, gras a edikasyon, sansibilizasyon, ak angajman kominotè
- Modle lwa ak politik ki dechouke diskriminasyon ak favorize egalite, nan tèt ansanm avèk kolaboratè nou yo nan gouvènman an ak nan kominote a.
Travay Komisyon sou Dwa Moun Vil New York la kontinye ak devlope epi ap evolye pou reponn bezwen tout moun New York. Si ou temwen oswa viktim diskriminasyon, kontakte nou jodi a.
Komisyon sou Dwa Moun nan fè pati enfrastrikti vil la ki gen kòm objektif pouse egalite epi lite kont diskriminasyon, ki gen ladan Biwo Egalite ak Jistis Rasyal Majistra a ak Komisyon sou Egalite Rasyal la.
Lyen rapid
Mande Fòmasyon
Jwenn enfòmasyon sou Lwa sou Dwa Moun Vil New York la, ak sou Entèvansyon, Dwa ak Responsabilite Temwen.
Pou rapòte sa ki ta ka vyolasyon Lwa sou Dwa Moun Vil New York la, rele 212-416-0197.
Istwa Komisyon an
